Mwen kontan wèw se tèm nou te chwazi pou nou fè premye rankont nou pou lane 2024 la, swit ak twoub politik, ensekirite, ki te kraze tout kalandriye fòmasyon ak aktivite sosyokiltirèl pou te genyen pou premye 6 mwa lane 2024 la.
Konsa nou te deside nan dat 5 me a, rankontre ak tout manm, paten ak zanmi ki te dispoze pou vin pataje moman kè kontan sa.
Objektif aktivite sa, se te jis rankontre youn lòt, pataje moman an ansanm epi manje ansanm.
Mèsi ak Global Merges Services ki te mete lokal li disponib pou nou.